Poésie
Anthologies
Autres Publications
Romans
Traductions
Biographie
Livres en Créole
Discographie
Avis de Critiques
 





1- Pè Sèt, Edisyon Mapou, Koleksyon Koukouy, Miami 1994, rééd. 1996

  Pè Sèt se youn cham, Oun fò w vle, Youn vap men li [...] Jozafa se youn natif-natal ki fèt apre lagè ki te manke anglouti limanite. Li se youn ekriven, youn powèt, youn aktè

                                                                                                    Jan Mapou


Pour Placer une commande: Haitian Book Ctr      Amazon.com


2- Rete Kote Lamèsi ! Presses nationales d'Haïti, Port-au-Prince, 2008.

Depi yè mwen chita la a, m ap tann. Men, sa m ap tann konsa? La a, m ap gade letan k ap deplotonnen kò l; mwen ap obsève yon òlòj kote lè ap disparèt san mizèrikòd. Zegwi òlòl la fware, kidonk, la a, m ap swiv yon tan k ap fennen devan je m, Men, sa m ap tann pou mwen kòmanse chèche vre rezon ki fè m la a, lakòz ki fè mwen rete kole sou teren lavi a. Sa m ret ap fè la a! Gade van k ap pase, ouragan k ap kase kòd tout sèvolan, bwote yo ale. Van ki ap demare kòd ki te makonnen lespwa mwen ak lyann. Limyè ap danse sou tèt mwen, akote m, nan fenèt kay la. Mwen sitèlman ap fwole arebò legzistans, m sanlè tonbe nan ravin dikdantan. Men sa m ap fè la a, kote devenn kòde mare sou lonbraj mwen ap toufounen nanm mwen. Sa m ap fè la a, fwenk, lavi m andegraba ap desann nan rigòl si ou konn dlo lapli. Mwen antre andedan tèt mwen pou mwen poze keksyon an: sa m ap fè la a, alòske mwen gen yon fanm ki disparèt depi ayè.

Interviou ak Jean-Jacques Adler sou premye woman kreyòl sa a: KLIKE LA A 

Premye Kritik:

   Josaphat Robert Large se yon nèg ki soti menm kote ak mwen, lan lavil "Jeremie", ki benyen lan dlo Vòldròg, ki kose ak ti Ameli, ki konn fè grenn pwomennen lè lidel dil poul al flannen Obak, Ladig, Soufò, Lasous, Lanlendi, Lanbourèt, Lankòtfè, Tiga, Kafou Sanon elatriye. Sou lè mousye, sous jan li ekri, ou tou wè metye'l se al chèche imaj opipiritchantan lan kodak frè soley. Metye'l se al bouske mo ak la pawoli anba bouch timedam kap tire kont, kap di timtim bwa lè langelis sonnen. Se yon nèg ki konn manyen lang kreòl la. Sa pa etone'm. Nèg Grandans, se gason  ki konn manje fig teyat, ki konn fè teyat, ki konn anfiteyat, ki konn monte mòn Jeremie bati ann anfiteyat. Vagabon an monte, li monte, li voye bèlbagay monte, jistan li rive kon bwa piwo sou tèt Makaya, jistan li rive toupre siel la, kote Emile Roumer konn achte tablèt wowoli, kote ti landeng wè bagay pèson'n lòt moun paka wè. Mezanmi, li vole, li pran zèl, li rive kote ti landeng ale fè fouyanpòt, jistan'l wè "wotè sèvolan Bondye k’ap file depi fenèt lalin."
Konpliman powèt, mwen te konen ou fò lan ekri franse, jodiya mwen realize ou se maton lan pwezi kreòl
Amikalman,

Jean-Robert Léonidas   

Entèviou otè a (Jounal Le Matin)


RETOUR                 PORTAIL            BIBLIOGRAPHIE          LIENS          AGENDA        

 
Top